Ministère de l'éducation nationale et de la formation professionnelle jQuery Tabs Demo | Papermashup.com


MENFP /Lèt tou louvri minis Nesmy Manigat, pou paran elèv lekòl

Lèt tou louvri minis Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl, Nesmy Manigat, pou paran elèv lekòl nan peyi d Ayiti

 
 
 
Vèsyon franse

 

REPIBLIK AYITI

MINISTÈ EDIKASYON NASYONAL AK FÒMASYON PWOFESYONÈL


 

 

 

Lèt tou louvri minis Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl, Nesmy Manigat, pou paran elèv lekòl nan peyi d Ayiti


Mesaj : “An nou sove ane lekòl la”

 

 

Pòtoprens, 30 janvye 2015


Paran yo,


1.- Fòk nou amelyore kalite edikasyon nan lekòl nou yo

Pou kòmansman ane 2015 la, nou pran angajman pou nou fè yon ti koze chak fen mwa ak tout moun ki konsènen nan zafè lekòl nan peyi a.

Jan nou te wè sa, rezilta egzamen ofisyèl yo pou ane 2014 la pou majorite lekòl piblik tankou prive nan peyi a, se te yon katastwòf. Sitirasyon sa a yon lòt fwa ankò montre aklè li lè li tan pou nou lanse yon veritab chita tande sou rezon ki fè timoun yo pa ka reyisi nan lekòl yo.

Nou dwe chèche ansanm solisyon k ap pi bon an epi analize tout rezon yo, tankou kesyon anseyan ak direktè lekòl ki pa byen fòme : sou chak 100 anseyan ak direktè lekòl, nou konnen gen 85 ladan yo  ki pa gen bon jan fòmasyon pou fè travay la, san nou pa neglije lajan y ap touche a ki pa pèmèt yo viv kòmsadwa. Kidonk, Pèmi pou anseyan, evalyasyon ak fòmasyon anseyan yo, Fon nasyonal Edikasyon an, se yon nesesite anplis ijans nou ta dwe bay  kesyon sila a. Lavni peyi a depann sou sa k ap pase nan sal klas yo.

Edikasyon nan peyi a d Ayiti gen gwo pwoblèm ; pwoblèm pou pèmèt tout timoun ale lekòl, pwoblèm pou timoun sa yo jwenn bon jan kalite edikasyon. Sepoutètsa, prezidan Repiblik la, M. Michel Joseph Martelly, te bay sektè edikasyon pi gwo priyorite e bay bourad a 12 mezi nou te anonse ansanm pou nou refòme ak modènize sistèm edikatif la.

Yon chita tande tèt frèt sou refòm nan sektè a nesesè. Nou konnen nou te rive demare ane lekòl la nan mwa sektanm ki sot pase a yon fason pou pèmèt timoun yo pase plis jou ak plis èd tan nan sal klas yo. N ap kontinye menm jan pou nou ka vanse nan chimen pou nou rive bati yon lekòl ki chita sou reyisit.


2.- Nou bezwen plis lajan pou nou envesti nan ledikasyon

Ak Pwogram lekòl gratis ak obligatwa pou tout timoun yo gen plis pase yon milyon timoun ki rive ale lekòl. E Gras ak jefò chak paran k ap sakrifye yo, sou chak 100 timoun gen 90 ki rive ale lekòl. Pa gen lontan sa, 5 ane anvan, se sèlman 75 sou chak 100 timoun ki te ale lekòl.

Nou kontan ministè a rive jwenn yon antant ak sendika anseyan yo sou plizyè revandikasyon anseyan yo te genyen e sendika yo angaje yo pou yo bay bourad a Fon nasyonal Edikasyon an (FNE). Se pi bon fason pou nou rezoud problèm anseyan yo, pou pèmèt ministè gen plis lajan nan bidjè li ki ta dwe 2 fwa pi plis.  Pandan tan sa, nan kad akò nou rive jwenn nan, ministè a angaje l yon lòt fwa ankò pou  li mete mosò pa mosò sou bidjè li anseyan ki fòme epi    k ap travay toutbon nan sal klas yo.

Nan akò sa a tou, ministè a renouvle volonte l pou nou kontinye travay pou bay bourad a sendika anseyan yo ; nou vle fè sa ak mwayen lalwa otorize nou epi ak anpil transparans. Travay sa a dwe pèmèt sendika anseyan yo bay tèt yo bon jan zouti pou yo defann enterè manm yo, fe fòmasyon pou yo, jwenn bon jan ekipman pou yo travay, mwayen transpò, elatriye.

3.- Fòk nou elimine gaspiyay nan sistèm nan 

Nou konnen paran yo, gouvènman an depanse anpil pou edikasyon timoun yo, men depans sa yo pap gen enpòtans si yo pa rive fè plis timoun reyisi nan lekòl yo. Men kèk mezi nou pran ki kapab ede nou korije sitiyasyon sa a :

 
  • Se pèmèt PSUGO a pran rasin li chak jou pi plis nan lekòl piblik yo ;

  • Òganize yon sèl egzamen ofisyèl nan finisman lekòl fondamantal la ak finisman lekòl segondè tankou sa fèt nan anpil lòt peyi (kanpe sou egzamen ofisyèl pou 6e Af, 9e Af, Bak 1, Bak 2) ;

  • Kanpe sou zafè zafè lwe machin pandan òganizasyon egzamen ofisyèl yo. Itilize pito machin ki nan Leta a ak bourad lòt ministè ak lòt enstitisyon ki nan Leta a ;  

  • Elimine seremoni gradyason yo ki dwe fèt sèlman pou elèv klas filo yo ;

  • Pou tout elèv yo pote inifòm lekòl yo pandan egzamen ofisyèl yo ;
  • Elimine chèk “zonbi” ki konsènen anseyan ki pa janm vin travay yo e itilize lajan sa a pou sa k ap travay toutbon nan sal klas yo.

Paran yo, nou dwe konnen tout moun pa wè bagay yo menm jan. Gen moun ak òganizasyon ki pa kontan mezi sa yo. Men se lavni lekòl la, kwasans ekonomik peyi d Ayiti, devlopman peyi a n ap defann lè nou pran desizyon sa yo.

Anpil moun pè chanjman, y ap fè tout sa yo kapab, di nenpòt ki sa, pou yo ka bloke refòm sa yo. Nou bezwen sipò chak paran pou nou kapab pale avè yo, ede yo, fè yo konprann, amelyore fason n ap aji pou nou pote limyè pou yo. Fòk nou fè sa nan enterè nou tout, kòm paran.

4.- Mesaj ki pi enpòtan an : “ An nou sove ane lekòl la

Anpil nan timoun ki nan lekòl piblik yo gen tan pèdi 20 jou lekòl pandan mwa janvye 2015 lan. Poutètsa, ministè a deside mete kanpe yon pwogram ratrapaj pou elèv sa yo. Pou sa rive fèt, nou pral mobilize etidyan finisan epi jènn ki diplome nan inivèsite Leta yo kou prive. Men fòk lekòl ta rekomanse travay nòmalman apati lendi 2 fevriye sa a pou nou pa kontinye pèdi lòt jou klas ankò. Majorite sendika anseyan yo deja siyen yon akò pou mete yon bout ak grèv la. N ap tann lòt ki poko fè sa.  Pwoblèm nou jwenn pou nou mete chita ansanm tout sendika yo montre difikilte dyalòg ant òganizasyon yo.

Men nou kwè fòk nou chita ansanm pou nou rive ansanm bay bourad pou amelyore kondisyon travay tout anseyan yo.

Paran yo,

Se pou nou mete men e patisipe nan tout aktivite lekòl la tankou reyinyon ak paran yo. Fòk nou pa bliye ti koze ki di « men anpil chay pa lou », « Pou yon timoun byen grandi, kidonk pou edikasyon l byen fèt, fòk tout moun nan kominote a bay kout men pa yo. »

 

 



Nesmy Manigat
Minis Edikasyon nasyonal ak Fomasyon pwofesyonel la

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

© 2014 © MENFP